Fanmi Pastè Edner A. JEANTY apresye tout soutyen li kontinye ap jwenn nan pawòl konsolasyon, nan lapriyè, ak nan jès pratik nan men zanmi, paran, kòlèg, kominote legliz evanjelik yo, moun ann Ayiti ak moun aletranje nan okazyon lamò Pastè a.

Kòm nou konnen, Pastè JEANTY ale jwenn Senyè li nan samdi 15 avril vè 7:15 pm. Pastè JEANTY se te yon lidè ki te aprann bay tout moun valè. Se te yon pastè ki renmen legliz Jezikris la e ki respekte afè legliz, ki pran tout prekosyon pou eskandal pa rive kote li ap dirije. Se te yon Ayisyen ki renmen peyi li, ki renmen kilti li e ki renmen lang Ayisyen; li te renmen lang franse, men li te damou pou lang kreyòl, pou pwovèb ayisyen li rele Pawòl Granmoun, pou ekspresyon espesyal peyizan sèvi pou dekri reyalite yo.

Tout moun Pastè JEANTY konnen li te renmen madanm li; depi yo te marye an 1962 yo gentan viv 54 ane ansanm e mwa jen saa t apral fè yo 55 ane lavi ansanm nan yon fwaye kretyen. Pastè JEANTY te pran plezi nan li Bib la e li pa rate okazyon pou li pataje vèsè ak jèn moun kou granmoun. Pastè JEANTY te renmen Bondye Papa nou ki nan syèl, ki fè lezòm gras pa-mwayen Jezikris ki fè nou kapab sove, nou-menm ki mete konfyans nou nan sèl Pitit Bondye a. Pastè JEANTY kite yon eritaj ki fè onè tout kominote pwotestan an epi yon modèl pou tout moun ki renmen fanmi yo.

Y ap selebre antèman Pastè Edner A. Jeanty nan legliz Batis Evanjelik Petyonvil samdi 29 avril 2017. Ekspozisyon 7:00 am. Sèvis 9:00. Y ap antere li nan simityè Parc du Souvenir. Pastè JEANTY kite dèyè madanm li Mona, 3 pitit biolojik Jn Edner Jeanty, Jr., Patrick Jeanty, Marie-France D. J. Pierre-Pierre; 2 pitit adoptif: Myrlande Duvivier ak Marie-Paule Duvivier Sainvil.

Rev. Dr Edner A. JEANTY te premye direktè Collège Évangélique Maranatha, li te pwofèsè epi direktè nan École Evangélique de la Bible epi nan STEP; te manm ekip tradiksyon tout Bib la an kreyòl; te pastè legliz Bòlòs, Akayè, Kabarè, Petyonvil, Nazon epi Pènye; li te visprezidan epi trezorye nan UEBH; li te ekriven; li pibliye plis pase 10 liv, pami yo Le Christianisme en Haïti ak Pawòl Granmoun: 999 pwovèb ayisyen.